Pandan dezyèm vizit li nan emisyon Entre Nous pou pale sou liv li a, « Lutte des femmes et luttes sociales en Haïti » avèk J.J. Dominique, Myrtha Gilbert pale kesyon vyolans sou fanm ann Ayiti ak sou orijin vyolans nan sosyete ayisyen an, soti nan moman lè kolon blan yo mete pye yo sou Kiskeya. Gilbert ak Dominique pale sou yon kontradiksyon aparan: se fanm ki poto mitan sosyete ak ekonomi ayisyen, men se yo menm k ap sibi vyolans. Vyolans sou fanm, ak vyolans sou timoun tou, vin banalize nan sosyete ayisyen an.
Entre Nous : Myrtha Gilbert, vyolans sou fanm (2)
dans