Ginette Chérubin, Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo, bay pèspektiv li sou feminis ak sou travay Ministè a ap fè pou ankouraje dwa fanm, sitou konsènan kredi pou machann yo, madan sara yo, ak fanm peyizan yo. Li eksplike enpòtans pou fanm patisipe nan pwogram refòm agrè a, ak pou asire ke fanm yo jwenn plis kredi agrikòl. Li dekri tou ki rapò Ministè a genyen avèk òganizasyon fanm yo. Fòk fanm yo granmoun tèt yo, fòk yo libere, paske liberasyon sa a kapital pou pwogrè ekonomik ak sosyal tout peyi a.
Face à l'Opinion: Madanm Ginette Chérubin, minis. Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo (Partie 1)
dans