Aller au contenu principal
Accueil

Main navigation

  • Recherche avancée
  • Dossiers thématiques
  • À propos

Face à l'opinion

Fichiers audio et balados

Face à l’Opinion : Danièle Magloire ak Myriam Merlet sou Dwa Fanm, 10 an aprè 3 avril 1986 (Partie 2)

Radio Haiti-Inter
1996

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
colonialisme/histoire
droits des femmes
économie
féminismes/militantisme
international/ONG
politique/gouvernement
Résumé
Résumé :

3 avril 1986, fanm Pòtoprens te pran lari an foul pou selebre fen diktati Duvalier a. Lè sa, te gen anpil espwa ke tap gen yon vrè chanjman nan kondisyon fanm nan nivo ekonomik, sosyal, ak politik, epi ke tap gen yon lòt epòk pou dwa fanm. Nan 10yèm anivèse 3 avril la, Radio Haïti-Inter pale ak 2 militan feminis, Myriam Merlet (ansyen chèf ekip Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm ak fondatris ENFOFANM, ki mouri nan tranblemantè 12 janvye 2010 la) ak Danièle Magloire (ki te nan CONAP ak ENFOFANM).

Fichiers audio et balados

Face à l’Opinion : Magalie Marcelin ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue sou Vyolans sou Fanm (Partie 1)

Radio Haiti-Inter
1997

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
féminismes/militantisme
justice/sécurité
violences
Résumé
Résumé :

Militan feminis Magalie Marcelin (fondatris Kay Fanm, yon òganizasyon dwa fanm ak sant ebèjman, ki mouri nan tranblemantè 12 janvyè 2010 la) ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue (ansyen Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm ak ansyen Minis Kilti) pale de vyolans sou fanm. Yo eksplike ke vyolans sou fanm se pa sèlman kadejak ak vyolans fizik: se yon bagay ki sistematik, ki gen rapò ak jan gason yo leve nan sosyete a, rapò ak pouvwa, ak strikti sistèm jistis ak tribinal an Ayiti.

Fichiers audio et balados

Face à l’Opinion : Magalie Marcelin ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue sou Vyolans sou Fanm (Partie 2)

Radio Haiti-Inter
1997

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
féminismes/militantisme
justice/sécurité
violences
Résumé
Résumé :

Militan feminis Magalie Marcelin (fondatris Kay Fanm, yon òganizasyon dwa fanm ak sant ebèjman, ki mouri nan tranblemantè 12 janvyè 2010) ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue (ansyen Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm ak ansyen Minis Kilti) pale de vyolans sou fanm. Yo eksplike ke vyolans sou fanm se pa sèlman kadejak ak vyolans fizik: se yon bagay ki sistematik, ki gen rapò ak jan gason yo leve nan sosyete a, rapò pouvwa, ak strikti sistèm jistis ak tribinal an Ayiti.

Fichiers audio et balados

Face à l'Opinion : Marie Carmel Austin, Direktris jeneral Ministè Kondisyon Fanm. 8 mas (Partie 1)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
économie
justice/sécurité
rural/agriculture
violences
Résumé
Résumé :

Marie Carmel Austin, direktris jeneral Ministè Kondisyon Fanm, pale avèk Jean Dominique nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm (8 mas). Aprè li fin dekri fwa kiltirèl k ap mete aksan sou atizana fanm yo fè, Austin eksplike pwojè pou bay fanm peyizan nan Latibonit kredi agrikòl. Eksperyans yo fè deja montre jan li difisil asire patisipasyon fanm nan pwogram refòm agrè a, menm si pwodiksyon nasyonal sou do fanm yo, atanke kiltivatris ak ti machann.

Fichiers audio et balados

Face à l'Opinion : Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty, rankont avèk palmantè yo sou dwa fanm (Partie 1)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
familles
féminismes/militantisme
justice/sécurité
politique/gouvernement
Résumé
Résumé :

Twa manm mouvman fanm ayisyen -- Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty -- dekri yon rankont yo sot fè avèk palmantè yo, kote yo defann dwa fanm epi plede kont lwa k ap maspinnen fanm (konsènan vyòl, dwa avòtman, pratik restavèk, ak adiltè). Medam yo te bije fè fas ak kèk atitid trè retwograd pa rapò avèk vyolans seksyèl (pa egzanp, gen gason ki kwè se pa vyòl si yon gason penetre yon fanm avèk yon objè ki pa yon peni -- si yo vyole l, pa egzanp, avèk yon boutèy oubyen yon zam).

Fichiers audio et balados

Face à l'Opinion : Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty, rankont avèk palmantè yo sou dwa fanm (Partie 2)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
familles
féminismes/militantisme
justice/sécurité
politique/gouvernement
Résumé
Résumé :

Twa manm mouvman fanm ayisyen -- Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty -- dekri yon rankont yo sot fè avèk palmantè yo, kote yo defann dwa fanm epi plede kont lwa k ap maspinnen fanm (konsènan vyòl, dwa avòtman, pratik restavèk, ak adiltè). Medam yo te bije fè fas ak kèk atitid trè retwograd pa rapò avèk vyolans seksyèl (pa egzanp, gen gason ki kwè se pa vyòl si yon gason penetre yon fanm avèk yon objè ki pa yon peni -- si yo vyole l, pa egzanp, avèk yon boutèy oubyen yon zam).

Pagination

  • Page précédente
  • 2
Face à l'opinion

Recherche

Inscription à l'infolettre

  • Déposer une publication
  • Conditions d'utilisation
  • Protection des renseignements personnels
  • Contact

     

Accueil