Aller au contenu principal
Accueil

Main navigation

  • Recherche avancée
  • Dossiers thématiques
  • À propos

Fichiers audio et balados

Fichiers audio et balados

Face à l’Opinion : Magalie Marcelin ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue sou Vyolans sou Fanm (Partie 2)

Radio Haiti-Inter
1997

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
féminismes/militantisme
justice/sécurité
violences
Résumé
Résumé :

Militan feminis Magalie Marcelin (fondatris Kay Fanm, yon òganizasyon dwa fanm ak sant ebèjman, ki mouri nan tranblemantè 12 janvyè 2010) ak Marie-Laurence Jocelyn Lassègue (ansyen Minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm ak ansyen Minis Kilti) pale de vyolans sou fanm. Yo eksplike ke vyolans sou fanm se pa sèlman kadejak ak vyolans fizik: se yon bagay ki sistematik, ki gen rapò ak jan gason yo leve nan sosyete a, rapò pouvwa, ak strikti sistèm jistis ak tribinal an Ayiti.

Fichiers audio et balados

Face à l'Opinion : Marie Carmel Austin, Direktris jeneral Ministè Kondisyon Fanm. 8 mas (Partie 1)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
économie
justice/sécurité
rural/agriculture
violences
Résumé
Résumé :

Marie Carmel Austin, direktris jeneral Ministè Kondisyon Fanm, pale avèk Jean Dominique nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm (8 mas). Aprè li fin dekri fwa kiltirèl k ap mete aksan sou atizana fanm yo fè, Austin eksplike pwojè pou bay fanm peyizan nan Latibonit kredi agrikòl. Eksperyans yo fè deja montre jan li difisil asire patisipasyon fanm nan pwogram refòm agrè a, menm si pwodiksyon nasyonal sou do fanm yo, atanke kiltivatris ak ti machann.

Fichiers audio et balados

Entre Nous : « Chronique des femmes-oiseaux » , Michèle Lemoine (1)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Entre nous
Radio Haiti
Mots-clés
économie
travail rémunéré
arts visuels/audio
Résumé
Résumé :

Michèle Lemoine pale sou fim li an, « Chronique des femmes-oiseaux » , sou lavi twa madan sara: Visita Collagène, Miramène Pacius, ak Hermithe Pierre. "Madan sara" se yon espès zwazo migratè; se poutèt sa yo bay medam yo non sila a. Emisyon an gen ladan l tou reyaksyon Hermithe ak Miramène aprè yo gade yon pwojeksyon fim nan.

Fichiers audio et balados

Entre Nous : « Chronique des femmes-oiseaux » , Michèle Lemoine (2)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Entre nous
Radio Haiti
Mots-clés
économie
travail rémunéré
arts visuels/audio
Résumé
Résumé :

Michèle Lemoine pale sou fim li an, « Chronique des femmes-oiseaux » , sou lavi twa madan sara: Visita Collagène, Miramène Pacius, ak Hermithe Pierre. "Madan sara" se yon espès zwazo migratè; se poutèt sa yo bay medam yo non sila a. Emisyon an gen ladan l tou reyaksyon Hermithe ak Miramène aprè yo gade yon pwojeksyon fim nan.

Fichiers audio et balados

Face à l'Opinion : Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty, rankont avèk palmantè yo sou dwa fanm (Partie 1)

Radio Haiti-Inter
1998

dans
Face à l'opinion
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
familles
féminismes/militantisme
justice/sécurité
politique/gouvernement
Résumé
Résumé :

Twa manm mouvman fanm ayisyen -- Myriam Merlet, Danièle Magloire, ak Yolette Jeanty -- dekri yon rankont yo sot fè avèk palmantè yo, kote yo defann dwa fanm epi plede kont lwa k ap maspinnen fanm (konsènan vyòl, dwa avòtman, pratik restavèk, ak adiltè). Medam yo te bije fè fas ak kèk atitid trè retwograd pa rapò avèk vyolans seksyèl (pa egzanp, gen gason ki kwè se pa vyòl si yon gason penetre yon fanm avèk yon objè ki pa yon peni -- si yo vyole l, pa egzanp, avèk yon boutèy oubyen yon zam).

Fichiers audio et balados

Entre Nous : Patrick Vilaire, exposition « La Servitude et un mémoire » (1)

Radio Haiti-Inter
2000

dans
Entre nous
Radio Haiti
Mots-clés
colonialisme/histoire
droits des femmes
spiritualité/religion
arts visuels/audio
Résumé
Résumé :

Patrick Vilaire pale avèk J.J. Dominique sou dènye ekspozisyon li an, "La Servitude et un mémoire" ki trete pa sèlman kesyon esklavaj, men tou kesyon fado istwa ka reprezante, Vodou, frajilite moun, ak chay fanm oblije pote. Ekspozisyon an te reyalize nan Masèy, Lafrans, paske Masèy se te yon pò ki patisipe nan trèt esklav, kote bato negriye yo te mete vwal pou mennen afriken yo al Sendomeng.

Fichiers audio et balados

Repòtaj sou lavi bouzen nan Pòtoprens

Radio Haiti-Inter
1980

dans
Série petits métiers
Radio Haiti
Mots-clés
violences
corps/sexualités
pauvreté/précarité
travail rémunéré
Résumé
Résumé :

Repòtaj sou fanm k ap travay kòm bouzen nan lari Pòtoprens. Yo dekri difikilte lavi y ap mennen an: se yon ti kòb yon konn touche, epi otorite yo konn arete yo. Yo eksplike tou ki wòl tchoul yo -- yo konn rele yo "pitit trannde dan" paske se kòm timoun ki bezwen manje ak bwe tout tan yo ye. Emisyon an gen ladan l vwa plizyè fanm.

Fichiers audio et balados

Mach Fanm

Radio Haiti-Inter
1986

dans
Manifestation
Radio Haiti
Mots-clés
féminismes/militantisme
droits des femmes
justice/sécurité
Résumé
Résumé :

Ekstrè odyo yon mach fanm, kote manifestan yo (gason kou fanm) chante, pwoteste kont lame, epi mande jistis pou Charlot Jacquelin.

Audio of a women's march, in which participants (both men and women) sing, protest the army, and call for justice for Charlot Jacquelin.

Extraits sonores d'une marche des femmes, dans laquelle les manifestantes (aussi bien des femmes que des hommes) chantent, protestent contre l'armée et demandent justice pour Charlot Jacquelin.

Fichiers audio et balados

Forum Démocratique: Kriz politik 1987. Laprès, mouvman etidyan, mouvman fanm, òganizasyon politik (2)

Radio Haiti-Inter
1987

dans
Forum Démocratique
Radio Haiti
Mots-clés
féminismes/militantisme
colonialisme/histoire
droits des femmes
justice/sécurité
politique/gouvernement
Résumé
Résumé :

Emisyon Forum Démocratique konsakre a kriz politik 1987 la. Nan dezyèm pati emisyon an, lidè mouvman etidyan yo -- Wilson Jabouin, Calil Jean-Jacques, epi Lens Jean-François ki nan FENEH, Miloudy Vincent ki se manm Lave Je, Jacques Pascal ki se manm ZEL, epi Georges Antoine Noël Jo ki se manm IEP -- ansanm avèk militan dwa fanm Erlande Merceron ki se manm SAJ epi Clara Délice pale sou manifestasyon ki te fèt lòtrejou kote pèp la te mande pou KNG a rache manyòk li.

Fichiers audio et balados

Forum Démocratique: Jounen entènasyonal fanm yo (2)

Radio Haiti-Inter
1987

dans
Forum Démocratique
Radio Haiti
Mots-clés
droits des femmes
économie
travail rémunéré
travail non rémunéré
Résumé
Résumé :

Nan okazyon Jounen Entènasonal Fanm yo, plizyè lidè mouvman fanm an Ayiti, ki gen ladan yo Magalie Marcelin, Myriam Merlet, Marie Michèle Rey, Ghislaine Thomas, ak (( pale sou kesyon dwa fanm. Yo pale sitou sou moun k ap travay kay moun san pwoteksyon (bòn), konje matènite, kesyon fanm ki nan chomaj ofisyèlman men ki ap travay nan sektè enfòmèl la, ak pwostitisyon. Yo pale tou sou diferans klas sosyal pami fanm yo, ak travay domestik an jeneral, ki se travay prèske tout fanm fè san yo pa touche. Animasyon Marvel Dandin. (Premye pati emisyon an genlè pa la.)

Pagination

  • Page précédente
  • 6
  • Page suivante
Fichiers audio et balados

Recherche

Inscription à l'infolettre

  • Déposer une publication
  • Conditions d'utilisation
  • Protection des renseignements personnels
  • Contact

Accueil